Jeremia 29:10-21

Jeremi 29:10-21 - Senyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò. Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa. Lè sa a, n'a rele m, n'a vin lapriyè nan pye m, m'a reponn nou.
N'a chache m, n'a jwenn mwen paske n'a chache m ak tout kè nou. Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m te pran nou pou m te depòte nou an. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Senyè a voye di nou sa paske nou pretann di li voye pwofèt ban nou lavil Babilòn. Enben, men sa Senyè a di sou wa ki chita sou fòtèy wa David la, sou pèp lavil Jerizalèm la, ki vle di rès fanmi yo pat depòte ansanm ak nou yo. Wi. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje. M'ap rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon. Tou sa va rive yo paske yo pat vle koute sa m t'ap di yo. Se Senyè a menm ki di sa. Malgre mwen pat sispann voye pwofèt yo, sèvitè m yo, ba yo, yo pa janm vle koute. Men, nou menm Senyè a te pran lavil Jerizalèm pou l depòte lavil Babilòn, manyè koute sa Senyè a ap di nou!
Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou Akab, pitit Kolaja, ansanm ak Sedesyas, pitit Maseja, ki t'ap pran non Senyè a pou bay manti. Mwen pral lage yo nan men Nebikadneza, wa Babilòn lan, ki pral fè touye yo la devan nou tout.

Senyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò. Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa. Lè sa a, n'a rele m, n'a vin lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. N'a chache m, n'a jwenn mwen paske n'a chache m ak tout kè nou. Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m te pran nou pou m te depòte nou an. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Senyè a voye di nou sa paske nou pretann di li voye pwofèt ban nou lavil Babilòn. Enben, men sa Senyè a di sou wa ki chita sou fòtèy wa David la, sou pèp lavil Jerizalèm la, ki vle di rès fanmi yo pat depòte ansanm ak nou yo. Wi. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje. M'ap rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon. Tou sa va rive yo paske yo pat vle koute sa m t'ap di yo. Se Senyè a menm ki di sa. Malgre mwen pat sispann voye pwofèt yo, sèvitè m yo, ba yo, yo pa janm vle koute. Men, nou menm Senyè a te pran lavil Jerizalèm pou l depòte lavil Babilòn, manyè koute sa Senyè a ap di nou! Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou Akab, pitit Kolaja, ansanm ak Sedesyas, pitit Maseja, ki t'ap pran non Senyè a pou bay manti. Mwen pral lage yo nan men Nebikadneza, wa Babilòn lan, ki pral fè touye yo la devan nou tout.

Jeremi 29:10-21