Jeremiah 1:4-14

Senyè a pale avè m, li di m konsa: — Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou te pwofèt lòt nasyon yo. Mwen reponn li: — Aa! Senyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale. Men, Senyè a di mwen: — Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kote tout moun m'ap voye ou. W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo. Ou pa bezwen pè pèsonn. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m pwoteje ou. Se mwen menm Senyè a ki di ou sa. Apre sa, Senyè a lonje men l, li manyen bouch mwen. Epi li di m: — Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou. Jòdi a, m'ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante. Senyè a pale avè mwen, li di mwen ankò: — Kisa ou wè la a, Jeremi? Mwen reponn li: — Mwen wè yon branch zanmann ki rete tankou l'ap veye. Lè sa a, Senyè a di: — Se sa menm! Mwen menm, m'ap veye pou sa m di a rive vre. Apre sa, Senyè a pale avè m', li di m' yon lòt fwa ankò, li di m': — Kisa ou wè la a? Mwen reponn li: — Mwen wè yon chodyè k'ap bouyi sou dife. Vapè chodyè a ap desann soti nan nò. Lè sa a Senyè a fè m konnen: — Yon gwo malè pral sòti nan nò, l'ap tonbe sou tout moun ki rete nan peyi a.
Jeremi 1:4-14