Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

James 5:13-20

Jak 5:13-20 - Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l chante kantik. Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa. Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pat tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa. Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt.
Frè m yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l tounen ankò, konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche.

Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l chante kantik. Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa. Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pat tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa. Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt. Frè m yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l tounen ankò, konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche.

Jak 5:13-20

James 5:13-20
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo