Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

James 1:1-12

Jak 1:1-12 - Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Senyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout.

Frè m yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv. Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.
Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. Men, se pou li mande ak konfyans, san l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse. Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Senyè a. Se yon moun ki pa konn sa li vle. Li toujou anbalan nan tout sa li antreprann.

Se pou frè ki pa anyen an santi li fyè lè Bondye leve li atè a. Konsa tou, yon frè ki rich dwe santi li kontan tou lè Bondye rabese li. Paske moun rich gen pou pase tankou flè zèb raje. Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l disparèt pandan tout kòmès li ap mache.

Benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè l'a fin pase anba eprèv yo, l'a resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo.

Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Senyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout. Frè m yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv. Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen. Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. Men, se pou li mande ak konfyans, san l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse. Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Senyè a. Se yon moun ki pa konn sa li vle. Li toujou anbalan nan tout sa li antreprann. Se pou frè ki pa anyen an santi li fyè lè Bondye leve li atè a. Konsa tou, yon frè ki rich dwe santi li kontan tou lè Bondye rabese li. Paske moun rich gen pou pase tankou flè zèb raje. Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l disparèt pandan tout kòmès li ap mache. Benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè l'a fin pase anba eprèv yo, l'a resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo.

Jak 1:1-12

James 1:1-12
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo