Ezayi 66:12-14

Paske, men sa Senyè a di: — Mwen pral ba li kè poze san rete. Richès nasyon yo pral kouvri li tankou lonbray kouvri latè. Nou pral tankou ti bebe pou li. L'a ban nou tete. L'a pote nou nan bra li. L'a mete nou sou jenou li pou jwe ak nou. Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm. Lè n'a wè sa, kè nou va kontan: sa va ban nou fòs ak kouray ankò. Lè sa a, n'a konnen mwen menm, Senyè a, m'ap pwoteje sèvitè m yo, men lènmi m yo va konnen jan m konn fache.
Ezayi 66:12-14