Men, Senyè, se ou ki papa nou. Se tè ajil pou fè krich nou ye. Se ou menm ki ban nou fòm. Se ou menm ki fè nou ak men ou. Tanpri, Senyè, pa fache tout fache sa a ak nou ankò. Pa gade sou krim nou yo. Se pèp pa ou la menm nou ye. Tanpri, pitye pou nou!