Isaiah 43:2-3

Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen. Paske mwen menm, mwen se Senyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letyopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou.
Ezayi 43:2-3