Ezayi 43:19-20

Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan. Bèt nan bwa pral fè lwanj mwen. Chen mawon ak grangozye pral fè fèt pou mwen. Paske m'ap mete dlo nan dezè a. M'ap fè gwo dlo koule nan savann lan pou pèp mwen chwazi pou rele l' pa m' lan ka jwenn dlo pou yo bwè.
Ezayi 43:19-20