Isaiah 32:16-20

Toupatou nan peyi a, nan dezè a kou nan jaden yo, p'ap gen lenjistis, ni patipri. Paske tout moun ap fè sa ki dwat, y'a viv ak kè poze, san danje ni malè pou tout tan. Pèp Bondye a va rete lakay yo ak kè poze, san danje. Yo p'ap gen pwoblèm. Men lagrèl pral tonbe sou gwo rakbwa a. Yo pral kraze lavil la. Ala kontan n'a kontan jwenn kont dlo nou pou fè jaden! Lè sa a, nou p'ap bezwen mete bèf ak bourik nou yo nan kòd ankò!
Ezayi 32:16-20