Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Isaiah 25:8-12

Ezayi 25:8-12 - Senyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò.
Li pral siye dlo nan je tout moun.
Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè.
Se Senyè a menm ki di sa!
Jou sa a, tout moun va di:
Se li menm ki Bondye nou.
Nou te mete tout espwa nou nan li.
Li delivre nou! Se li menm ki Senyè a!
Nou te mete konfyans nou nan li.
Ann fè kè nou kontan.
Ann fè fèt, paske li delivre nou.

Senyè a ap pwoteje mòn Siyon an.
Men, l'ap pilonnen moun peyi Mowab yo anba pye l,
menm jan yo pilonnen pay nan labou pak bèt.
Nan mitan labou a, y'a lonje bra yo tankou si yo ta vle naje sòti.
Men Senyè a pral kraze lògèy yo,
l'ap defèt tou sa yo te fè ak men yo.
L'ap kraze gwo ranpa byen wo yo te bati sou miray yo,
l'ap jete yo plat atè,
l'ap fè yo tounen pousyè.

Senyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Senyè a menm ki di sa! Jou sa a, tout moun va di: Se li menm ki Bondye nou. Nou te mete tout espwa nou nan li. Li delivre nou! Se li menm ki Senyè a! Nou te mete konfyans nou nan li. Ann fè kè nou kontan. Ann fè fèt, paske li delivre nou. Senyè a ap pwoteje mòn Siyon an. Men, l'ap pilonnen moun peyi Mowab yo anba pye l, menm jan yo pilonnen pay nan labou pak bèt. Nan mitan labou a, y'a lonje bra yo tankou si yo ta vle naje sòti. Men Senyè a pral kraze lògèy yo, l'ap defèt tou sa yo te fè ak men yo. L'ap kraze gwo ranpa byen wo yo te bati sou miray yo, l'ap jete yo plat atè, l'ap fè yo tounen pousyè.

Ezayi 25:8-12

Isaiah 25:8-12
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo