Se sou mòn sa a li pral wete gwo vwal ki te sou tèt tout nasyon yo, vwal ki te ba yo kè sere a.
Senyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò.
Li pral siye dlo nan je tout moun.
Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè.
Se Senyè a menm ki di sa!