Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Isaiah 11:1-9

Ezayi 11:1-9 - Menm jan yon boujon pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.
Lespri Bondye a pral desann sou li.
L'ap ba li bon konprann ak lespri.
L'ap ba li konesans ak ladrès pou l dirije.
L'ap fè l konn Senyè a, l'ap fè l gen krentif pou li.
L'a pran plezi l pou l obeyi Senyè a nan tout bagay.
Li p'ap gade sou figi moun pou l jije yo.
Li p'ap rete sou sa yo vin di l pou l rann jijman.
L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri.
L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki.
L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo.
L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.
L'a gouvènen pèp la san patipri,
l'a dirije pèp la jan sa dwe fèt!
Lyon ak mouton va viv ansanm,
Chen mawon ak ti kabrit va dòmi menm kote.
Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm.
Lèfini se yon timoun ki pral okipe yo.
Manman bèf ak manman lous va manje ansanm nan menm savann.
Ti bèf ak ti lous va jwe ansanm.
Lyon va manje zèb tankou bèf.
Timoun nan tete ap ka jwe sou bouch twou koulèv.
Timoun sevre ap ka jwe foure dwèt nan bouch koulèv, anyen p'ap rive yo.
Pèsonn p'ap fè mechanste.
Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an.
Paske, menm jan fon lanmè plen ak dlo, se konsa kè tout moun nan peyi a
pral plen ak konesans Bondye.

Menm jan yon boujon pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la. Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l dirije. L'ap fè l konn Senyè a, l'ap fè l gen krentif pou li. L'a pran plezi l pou l obeyi Senyè a nan tout bagay. Li p'ap gade sou figi moun pou l jije yo. Li p'ap rete sou sa yo vin di l pou l rann jijman. L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo. L'a gouvènen pèp la san patipri, l'a dirije pèp la jan sa dwe fèt! Lyon ak mouton va viv ansanm, Chen mawon ak ti kabrit va dòmi menm kote. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini se yon timoun ki pral okipe yo. Manman bèf ak manman lous va manje ansanm nan menm savann. Ti bèf ak ti lous va jwe ansanm. Lyon va manje zèb tankou bèf. Timoun nan tete ap ka jwe sou bouch twou koulèv. Timoun sevre ap ka jwe foure dwèt nan bouch koulèv, anyen p'ap rive yo. Pèsonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an. Paske, menm jan fon lanmè plen ak dlo, se konsa kè tout moun nan peyi a pral plen ak konesans Bondye.

Ezayi 11:1-9

Isaiah 11:1-9
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo