Hosea 10:11-13

Yon femèl byen drese ki renmen travay Se sa menm menm Efrayim ye. Men dekouvri mwen fin dekouvri sa Mwen deside gade li byen nan kòd. Konsa Jida va rale chari raboure tè Jakòb ap pase dèyè kraze boul tè ki rete. Mwen te di yo: Kenbe kè nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Fè sa ki dwat devan Bondye. Konsa n'a rekòlte benediksyon m'ap ban nou paske n'ap sèvi m ak tout kè nou. Fè bwa nèf. Wi, li lè pou nou tounen vin jwenn mwen. M'a vini, m'a vide benediksyon sou nou tankou lapli. Men, nou te pito fè sa ki mal devan je m. Se konsa, nou rekòlte sa ki mal tou. N'ap peye manti nou te bay yo. Nou fè sa ki nan lide nou. Nou te mete konfyans nou nan gwo kantite sòlda nou te genyen.
Oze 10:11-13