Ebre 12:2-3

Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a. Wi panse sou ka li byen. Gade tout sa li sibi anba men lèzòm ki pa te vle wè li. Konsa tou, pa kouri pou batay la, ni tou pa dekouraje.
Ebre 12:2-3