Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Hebrews 11:1-6

Ebre 11:1-6 - Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre. Se paske granmoun lontan yo te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te moutre li dakò ak yo.
Se konfyans nan Bondye ki fè nou ka konprann se ak pawòl Bondye te kreye tout bagay. Li sèvi ak sa je pa ka wè pou li fè tout sa je ka wè.
Se konfyans ki fè Abèl te bay Bondye yon ofrann ki pi bon pase ofrann Kayen an. Paske Abèl te gen konfyans nan Bondye, Bondye te asepte li pou moun dwat. Se konsa li te asepte kado Abèl te fè li a. Se akoz konfyans sa a ki fè n'ap lonmen non Abèl jouk koulyeya, malgre li mouri a.
Se konfyans nan Bondye ki fè Enòk moute nan syèl san pase anba lanmò. Pesonn pa janm wè li ankò. Apre Bondye fin pran li. Nou jwenn sa ekri: Enòk te fè Bondye kontan anvan Bondye te pran li. Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.

Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre. Se paske granmoun lontan yo te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te moutre li dakò ak yo. Se konfyans nan Bondye ki fè nou ka konprann se ak pawòl Bondye te kreye tout bagay. Li sèvi ak sa je pa ka wè pou li fè tout sa je ka wè. Se konfyans ki fè Abèl te bay Bondye yon ofrann ki pi bon pase ofrann Kayen an. Paske Abèl te gen konfyans nan Bondye, Bondye te asepte li pou moun dwat. Se konsa li te asepte kado Abèl te fè li a. Se akoz konfyans sa a ki fè n'ap lonmen non Abèl jouk koulyeya, malgre li mouri a. Se konfyans nan Bondye ki fè Enòk moute nan syèl san pase anba lanmò. Pesonn pa janm wè li ankò. Apre Bondye fin pran li. Nou jwenn sa ekri: Enòk te fè Bondye kontan anvan Bondye te pran li. Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.

Ebre 11:1-6

Hebrews 11:1-6
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo