Hebrews 11:1-3

Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre. Se paske granmoun lontan yo te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te moutre li dakò ak yo. Se konfyans nan Bondye ki fè nou ka konprann se ak pawòl Bondye te kreye tout bagay. Li sèvi ak sa je pa ka wè pou li fè tout sa je ka wè.
Ebre 11:1-3