Konsa, Bondye te fin fè syèl la, latè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Sou sis jou, Bondye te fin fè tou sa l t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay. Li beni setyèm jou a, li konsakre li pou li. Paske jou sa a, li te sispann travay, apre li fin kreye tout sa li t'ap kreye.