Men latè pat gen fòm, li pat gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plannen sou dlo ki te kouvri tout latè.
Bondye di: Se pou limyè fèt.
Epi limyè te fèt. Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò.