Genesis 1:2-5

Men latè pat gen fòm, li pat gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plannen sou dlo ki te kouvri tout latè. Bondye di: Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt. Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò. Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te premye jou a.
Jenèz 1:2-5