Genesis 1:1-8

Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a. Men latè pat gen fòm, li pat gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plannen sou dlo ki te kouvri tout latè. Bondye di: Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt. Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò. Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te premye jou a. Bondye di ankò: Se pou gen yon vout nan mitan pou separe dlo a fè de. Bondye fè vout la separe dlo a fè de: yon pati anwo, yon pati anba. Se konsa sa te pase. Bondye rele vout la syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te dezyèm jou a.
Jenèz 1:1-8