Galatians 5:15-17

Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovay, atansyon pou yonn pa touye lòt tou! Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle.
Galat 5:15-17