Ezekiel 37:4-8

Lè sa a, li di m konsa: — Bay mesay sa a pou zosman yo. W'a di zosman ki fin chèch yo pou yo koute pawòl Senyè a. Wi, men sa Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò. M'ap mete venn sou nou, m'ap fè vyann pouse sou nou, m'ap kouvri nou ak po. M'ap mete souf nan nou, m'ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Mwen bay mesay Bondye a jan li te ban m lòd la. Antan m'ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt. Mwen gade, mwen wè zosman yo te gen venn sou yo. Vyann t'ap pouse sou yo. Lèfini po kouvri yo tout. Men pat gen souf nan yo.
Ezekyèl 37:4-8