Exodus 20:16-21

Piga nou bay manti sou frè parèy nou. Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou okenn lòt bagay ki pou frè parèy nou. Lè pèp la tande bri loray la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zeklè sou kout zeklè, ak mòn lan ki t'ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen. Yo di Moyiz konsa: — Pito se ou menm ki pale ak nou, n'a koute sa w'ap di. Men, si se Bondye ki pou pale avèk nou, n'a mouri. Moyiz di pèp la: — Nou pa bezwen pè. Bondye vini pou wè kote nou ye avèk li. Li vle pou nou toujou gen krentif pou li, pou nou pa lage kò nou nan fè peche. Men pèp la rete kanpe byen lwen. Sèl Moyiz te pwoche kote nyaj nwa a kote Bondye te ye a.
Egzòd 20:16-21