Exodus 14:13-22

Moyiz reponn pèp la: — Nou pa bezwen pè. Pran kouray. Louvri je nou pou nou wè jan Senyè a pral delivre nou jòdi a. Moun peyi Lejip sa yo nou wè jòdi a, nou p'ap janm wè yo ankò. Senyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou. Senyè a di Moyiz: — Poukisa w'ap rele konsa nan zòrèy mwen? Di moun pèp Izrayèl yo pou yo leve mache. Ou menm, leve baton ou lan. Lonje men ou sou lanmè a, fann li de bò. Konsa, moun pèp Izrayèl yo va mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame li a, tout cha li yo ak tout kavalye l yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Senyè a. Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nyaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo. Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nyaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pat ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan. Moyiz lonje men l sou lanmè a. Senyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò. Moun pèp Izrayèl yo antre sou tè sèk la, nan mitan lanmè a. Dlo a te kanpe de bò tankou yon miray sou bò dwat yo ak sou bò gòch yo.
Egzòd 14:13-22