Ephesians 5:13-21

Men, lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon. Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve sòti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou. Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann. Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm. Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Senyè a vle nou fè. Pa soule tèt ou ak bweson. Sa ka mennen ou nan lavi pèvèti. Okontrè se pou nou ranpli ak Sentespri. Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou. Nan non Senyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay. Nou menm ki gen krentif pou Kris, soumèt nou yonn devan lòt.
Efezyen 5:13-21