Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Senyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n viv la. Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.