Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Éphésiens 1:7-14

Efezyen 1:7-14 - Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil. Li ban nou favè l an kantite, li ban nou tout kalite konprann ak konesans. Li fè nou konnen plan travay li te kenbe sekrè nan kè l, plan travay li te gen lide fè depi lontan an. Se plan sa a li vin reyalize nan Kris la. Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la.
Bondye ap fè tout bagay rive jan l te deside l la ak jan l te vle l la. Konsa, nou menm jwif, nou se moun Bondye te chwazi depi davans dapre plan li. Lè n'ap viv ansanm nan Kris la, nou resevwa pòsyon pa nou nan byen l yo. Se sa k fè, nou menm ki premye moun ki t'ap tann Kris la, n'ap viv yon jan ki sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a.
Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, bonnouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye renmen nou an, nou mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm ak li tou. Bondye make letanp li sou nou, li ban nou Sentespri li te pwomèt la. Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwomèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l yo nèt. Se sa k fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.

Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil. Li ban nou favè l an kantite, li ban nou tout kalite konprann ak konesans. Li fè nou konnen plan travay li te kenbe sekrè nan kè l, plan travay li te gen lide fè depi lontan an. Se plan sa a li vin reyalize nan Kris la. Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la. Bondye ap fè tout bagay rive jan l te deside l la ak jan l te vle l la. Konsa, nou menm jwif, nou se moun Bondye te chwazi depi davans dapre plan li. Lè n'ap viv ansanm nan Kris la, nou resevwa pòsyon pa nou nan byen l yo. Se sa k fè, nou menm ki premye moun ki t'ap tann Kris la, n'ap viv yon jan ki sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a. Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, bonnouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye renmen nou an, nou mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm ak li tou. Bondye make letanp li sou nou, li ban nou Sentespri li te pwomèt la. Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwomèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l yo nèt. Se sa k fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.

Efezyen 1:7-14

Éphésiens 1:7-14
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo