Deuteronomy 6:4-25

Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! Senyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt. Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou. Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. N'a moutre pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou lakay, kit nou nan travay. Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo. N'a ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo. Senyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li sèmante l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl vil nou pa te bati, kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pat fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pat plante. Lè sa a, lè n'a fin manje plen vant nou, fè atansyon pou nou pa bliye Senyè a, li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te esklav la. Se pou Senyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman. Pa kouri dèyè lòt bondye. Piga n'al sèvi bondye pèp k'ap viv toupre nou yo. Paske Senyè a, Bondye ki rete nan mitan nou an, se yon Bondye ki jalou anpil. Si nou fè sa, l'a fache sou nou, l'a disparèt nou nèt sou latè. Piga nou sonde Senyè a, Bondye nou an, jan nou te fè l bò Masa a. Se pou nou kenbe tout kòmandman Senyè a ansanm ak tout lòd ak tout prensip li ban nou pou nou swiv. N'a fè sa ki dwat ak sa ki byen nan je Bondye pou nou ka gen kè kontan, pou nou ka pran bèl peyi Senyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo, pou nou ka chase tout lènmi nou yo devan nou, jan li te pwomèt la. Yon jou, lè pitit nou va mande nou poukisa Senyè a, Bonye nou an mande nou swiv tout lòd, tout prensip ak tout kòmandman sa yo, lè sa a, n'a di yo: Nou te esklav farawon an nan peyi Lejip. Senyè a te fè nou sòti kite peyi Lejip la avèk fòs ponyèt li. Nou te wè ak je nou tout mèvèy ak tout mirak li te fè pou kraze peyi Lejip, ansanm ak farawon an ak tout moun pa l yo. Men nou menm, li fè nou sòti kote nou te ye a, li mennen nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo, epi li ban nou li. Apre sa, Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou kenbe tout prensip sa yo. Konsa, n'a gen krentif pou li, n'a viv ak kè kontan, epi l'a konsève lavi nou jan li fè sa pou nou jouk kounyeya. Si nou vle fè Bondye plezi, se pou nou fè atansyon pou nou swiv tout kòmandman sa yo nèt. Se pou nou mache devan Senyè a, Bondye nou an, jan li mande nou an.
Detewonòm 6:4-25