Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Deuteronomy 6:4-12

Detewonòm 6:4-12 - Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! Senyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt. Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou.
Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. N'a moutre pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou lakay, kit nou nan travay. Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo. N'a ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo.

Senyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li sèmante l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl vil nou pa te bati, kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pat fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pat plante. Lè sa a, lè n'a fin manje plen vant nou, fè atansyon pou nou pa bliye Senyè a, li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.

Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! Senyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt. Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou. Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. N'a moutre pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou lakay, kit nou nan travay. Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo. N'a ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo. Senyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li sèmante l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl vil nou pa te bati, kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pat fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pat plante. Lè sa a, lè n'a fin manje plen vant nou, fè atansyon pou nou pa bliye Senyè a, li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.

Detewonòm 6:4-12

Deuteronomy 6:4-12
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo