Deuteronomy 31:7-8

Apre sa, Moyiz rele Jozye, li pale avè l devan tout pèp Izrayèl la, li di l konsa: — Mete gason sou ou! Se pou ou vanyan! Paske se ou menm ki pral alatèt pèp la pou l antre pran peyi Senyè a te fè sèman l'ap bay zansèt yo a. Senyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.
Detewonòm 31:7-8