Deuteronomy 31:6-9

Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou. Apre sa, Moyiz rele Jozye, li pale avè l devan tout pèp Izrayèl la, li di l konsa: — Mete gason sou ou! Se pou ou vanyan! Paske se ou menm ki pral alatèt pèp la pou l antre pran peyi Senyè a te fè sèman l'ap bay zansèt yo a. Senyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble. Apre sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmèt li bay prèt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Senyè a, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.
Detewonòm 31:6-9