Dan 2:24-45

Lamenm, Danyèl al jwenn Ajòk, nonm wa a te bay lòd al touye tout nèg save lavil Babilòn yo. Li di l konsa: — Pa touye nèg save lavil Babilòn yo. Mennen m bò kote wa a, m'a di l sa rèv li te fè a vle di. Ajòk prese mennen Danyèl bay wa a. Epi li di: — Monwa, mwen jwenn yon nonm nan jwif yo te depòte yo ki ka di ou sa rèv ou te fè a vle di. Wa a di Danyèl yo te rele Bèltechaza a: — Eske ou ka di m rèv mwen te fè a? Eske ou ka fè m konnen sa l vle di? Danyèl reponn: — Monwa, pa gen nèg save, pa gen divinò, pa gen majisyen, ata moun ki konn li zetwal, ki ka fè ou konnen sa. Men, gen yon Bondye nan syèl la ki devwale tout sekrè ki kache. Se li k'ap fè ou konnen sa ki gen pou rive pita. Men rèv ou te fè a, men vizyon ou te wè pandan ou t'ap dòmi an. Lè sa a, monwa t'ap dòmi, tèt ou pran travay sou sa ki gen pou rive pita. Epi Bondye ki devwale tout sekrè fè ou konnen sa ki pral rive. Konnen byen, monwa, se pa paske mwen gen plis konprann pase tout moun ki fè m rive konnen sekrè sa a. Men, se pou wa a ka rive konnen sans rèv li te fè a, pou l ka konprann tout lide sa yo ki t'ap travay nan tèt li a. Monwa, ou fè yon vizyon. Ou wè yon gwo estati byen wo kanpe devan ou. Li te klere kou sa m pa konnen. Bagay pou fè moun pè anpil. Tèt li te fèt an lò, lestonmak li ak de bra l yo te fèt an ajan, vant li ak de kwis li yo te fèt an kwiv, de janm li yo te fèt an fè, pye l yo menm te mwatye an fè, mwatye an tè krich. Antan ou t'ap gade l konsa, yon wòch pran woule desann sòti kote l sòti a, san se pa pèsonn ki voye l, li vin frape estati a nan pye l yo ki te fèt mwatye an fè mwatye an tè krich, li kraze yo an miyèt moso. Lamenm, fè, tè krich, kwiv, ajan, lò tonbe atè, yo tounen pousyè tankou pousyè sou glasi nan sezon chalè. Yon van soufle, li pote yo ale, li pa kite yon ti remak. Men, wòch ki te frape estati a pran grandi, li grandi, li grandi jouk li tounen yon gwo mòn ki kouvri tout latè. Sa se rèv ou te fè a. Kounyeya, monwa, mwen pral fè ou konnen sa li vle di. Monwa, se ou ki pi gran pase tout wa. Se Bondye nan syèl la ki mete ou wa, li ba ou pouvwa, li ba ou fòs, li fè moun fè lwanj ou. Li mete ou chèf pou ou gouvènen tout moun ki rete sou latè, pou ou gouvènen ata zannimo ak zwazo. Se ou menm ki tèt an lò a. Apre ou, va gen yon lòt pèp k'ap pran gouvènman an. Men, gouvènman wa li a p'ap ka wè devan pa ou la. Konsa tou apre sa, va gen yon twazyèm pèp k'ap pran gouvènman an ankò. Se va tankou kwiv devan lò ou la. Li menm tou, l'ap donminen sou tout latè. Apre sa ankò, va gen yon katriyèm pèp k'ap pran gouvènman an. L'ap di kou fè. L'ap kraze brize. Menm jan fè kraze tout bagay, se konsa l'ap kraze lòt nasyon yo, l'ap fè yo tounen pousyè. Ou te wè tou de pye yo ak tout zòtèy yo te mwatye an fè mwatye an tè krich. Sa vle di, ape gen divizyon nan dènye gouvènman an. L'ap yon ti jan solid tankou fè, menm jan ou te wè fè melanje ak tè krich la. Zòtèy yo tou te mwatye fè, mwatye tè krich. Sa vle di, yon pòsyon nan gouvènman sa a pral gen fòs, yon lòt pòsyon pral fèb. Ou te wè fè a te melanje ak tè krich la, men yo pat pran. Konsa tou, chèf gouvènman sa yo pral seye mete tèt yo ansanm. Y'ap fè de fanmi yo marye yonn ak lòt. Men, sa p'ap mache. Nan reny dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan. Ou te wè ki jan yon wòch te pran desann sòti kote l sòti a, san se pa pèsonn ki voye l, epi li kraze gwo estati ki te fèt an fè, kwiv, tè krich, ajan ak lò a, pa vre? Bondye ki gen anpil pouvwa a fè monwa konnen sa ki gen pou rive nan tan k'ap vini an. Rèv ou te fè a klè. Sans mwen fè ou konnen an sèten.

Danyèl 2:24-45