Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi. Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m okazyon pou m fè konnen pawòl li a, pou m fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon kounyeya.