Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Colossians 2:6-12

Kolosyen 2:6-12 - Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Senyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li. Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi.
Fè atansyon pou nou pa kite pèsonn vire lòlòj nou ak bèl filozofi, ak vye diskisyon initil. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm genyen, nan jan yo konprann sa k'ap pase. Se pa bagay ki soti nan Kris. Tou sa Bondye ye pran kò nan Kris la. Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.
Nou menm ki nan Kris la, nou te sikonsi tou, men se pa men lèzòm ki te sikonsi nou. Sikonsizyon pa nou an delivre nou anba kò peche a: se sa sikonsizyon Kris la ye. Wi, lè nou te batize se tankou nou te antere ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan avèk li tou paske nou gen konfyans nan pouvwa Bondye ki te resisite li nan lanmò a.

Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Senyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li. Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi. Fè atansyon pou nou pa kite pèsonn vire lòlòj nou ak bèl filozofi, ak vye diskisyon initil. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm genyen, nan jan yo konprann sa k'ap pase. Se pa bagay ki soti nan Kris. Tou sa Bondye ye pran kò nan Kris la. Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa. Nou menm ki nan Kris la, nou te sikonsi tou, men se pa men lèzòm ki te sikonsi nou. Sikonsizyon pa nou an delivre nou anba kò peche a: se sa sikonsizyon Kris la ye. Wi, lè nou te batize se tankou nou te antere ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan avèk li tou paske nou gen konfyans nan pouvwa Bondye ki te resisite li nan lanmò a.

Kolosyen 2:6-12

Colossians 2:6-12
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo