Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Acts 3:19-26

Travay 3:19-26 - Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka efase peche nou yo. Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, l'a voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an. Pou kounyeya, Jezi gen pou l rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l te fè nou konnen l lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan. Se konsa Moyiz te di: Bondye, Mèt nou an, gen pou l voye yon pwofèt ban nou tankou l te voye m lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa l'a di nou. Nenpòt moun ki p'ap koute pwofèt sa a, se pou yo disparèt li nèt nan mitan pèp Bondye a, se pou yo touye li. Tout pwofèt ki te pale depi Samyèl ak tou sa ki te vin apre l yo, yo tout yo te anonse tan sa a. Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l te di Abraram: Gremesi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon. Se konsa Bondye fè sèvitè l la parèt, li voye l ban nou anvan pou l beni nou, pou l fè nou tout kite mechanste nou yo.

Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka efase peche nou yo. Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, l'a voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an. Pou kounyeya, Jezi gen pou l rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l te fè nou konnen l lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan. Se konsa Moyiz te di: Bondye, Mèt nou an, gen pou l voye yon pwofèt ban nou tankou l te voye m lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa l'a di nou. Nenpòt moun ki p'ap koute pwofèt sa a, se pou yo disparèt li nèt nan mitan pèp Bondye a, se pou yo touye li. Tout pwofèt ki te pale depi Samyèl ak tou sa ki te vin apre l yo, yo tout yo te anonse tan sa a. Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l te di Abraram: Gremesi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon. Se konsa Bondye fè sèvitè l la parèt, li voye l ban nou anvan pou l beni nou, pou l fè nou tout kite mechanste nou yo.

Travay 3:19-26

Acts 3:19-26
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo