2 Corinthians 7:9-11

Men kounyeya, kè m kontan, pa paske mwen te fè nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fè nou chanje kondit. Nou te sipòte lapenn sa a jan Bondye vle l la. Se konsa mwen pa fè nou okenn mal. Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l la, sa chanje kè li pou l ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n regrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l la, se touye l'ap touye nou. Nou menm, nou sipòte lapenn nou an jan Bondye vle l la. Kounyeya, gade sa l fè pou nou! Gade ki jan li fè nou pran sitirasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou sòti pou defann tèt nou? Gade jan n te fache! Gade jan n te pè! Gade jan nou anvi wè m ankò! Gade jan nou aktif, jan nou prese pini moun ki te fè sa ki mal la! Nou moutre nou pat koupab nan tout bagay sa yo.
2 Korent 7:9-11