2 Corinthians 7:1-7

Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li! Tanpri, ban m yon ti plas nan kè nou! (Konprann mwen byen.) Mwen pa fè pèsonn okenn mal, pèsonn pa ka di mwen lakòz yo pèdi pozisyon yo. Pèsonn pa ka di mwen pwofite sou yo. Mwen pa di nou sa pou kondannen nou. Mwen deja di nou sa: sitèlman mwen renmen nou, mwen pote nou sou kè mwen pou lavi ak pou lanmò. Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouray, kè m kontan nèt. Se konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedouàn, kè m pat poze menm: mwen jwenn traka tout jan. Yon bò mwen te nan gwo diskisyon ak kèk moun, yon lòt bò mwen te pè nan kè mwen. Men, Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouray te ban m kouray lè l te voye Tit vin jwenn mwen. Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouray mwen anpil tou lè li rakonte m jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fè m konnen jan nou anvi wè m, jan sa fè nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sa k fè, kounyeya mwen pi kontan toujou.
2 Korent 7:1-7