2 Corinthians 5:15-18

Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve sòti vivan nan lanmò pou yo a. Se poutèt sa, depi kounyeya, mwen pa konsidere pèsonn sou laparans, tankou lèzòm fè l la. Si yon lè mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lèzòm fè l la, kounyeya mwen pa konnen l nan jan sa a ankò. Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya. Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l ankò.
2 Korent 5:15-18