II Corinthians 3:16-18

Men, tankou sa ekri nan liv la: Lè yon moun tounen vin jwenn Senyè a, vwal la sòti. Kilès Senyè y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri Bondye a ye, l'a gen libète. Nou tout, nou pa kouvri figi nou. Nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Senyè a. Sa se travay Senyè a. Lespri Bondye.
2 Korent 3:16-18