Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

1 Timothy 5:1-8

1 Timote 5:1-8 - Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di. Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jennjan yo tankou si yo te frè ou; ak granmoun fanm yo, tankou si yo te manman ou. Ak jenn fi yo, tankou si yo te sè ou, san okenn move lide.
Pran swen vèv ki vèv tout bon yo. Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi. Yon fanm ki vèv tout bon, ki pa gen pèsonn pou okipe l, li mete tout espwa li nan Bondye, l'ap lapriyè tout tan, l'ap mande l konkou lajounen kou lannwit. Men, yon vèv ki lage kò l nan plezi, se yon vèv ki mouri, menm si l vivan toujou. Men sa pou ou moutre yo, pou pèsonn pa jwenn okenn repwòch pou fè yo. Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.

Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di. Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jennjan yo tankou si yo te frè ou; ak granmoun fanm yo, tankou si yo te manman ou. Ak jenn fi yo, tankou si yo te sè ou, san okenn move lide. Pran swen vèv ki vèv tout bon yo. Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi. Yon fanm ki vèv tout bon, ki pa gen pèsonn pou okipe l, li mete tout espwa li nan Bondye, l'ap lapriyè tout tan, l'ap mande l konkou lajounen kou lannwit. Men, yon vèv ki lage kò l nan plezi, se yon vèv ki mouri, menm si l vivan toujou. Men sa pou ou moutre yo, pou pèsonn pa jwenn okenn repwòch pou fè yo. Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.

1 Timote 5:1-8

1 Timothy 5:1-8
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo