1 Samuel 2:1-21

Lè sa a, Ana lapriyè, li di: — Senyè a fè kè m kontan anpil! Senyè a remoute kouray mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m kontan paske Bondye delivre mwen. Pa gen Bondye tankou Senyè a. Non, pa gen tankou l. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an. Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès sòti nan bouch nou. Paske Senyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fè. L'ap kraze zam ki nan men vanyan sòlda yo. Men l'ap bay moun ki fèb yo fòs kouray. Sa ki te konn manje vant deboutonnen yo al vann jounen pou yo ka jwenn manje pou yo manje. Sa ki t'ap mouri grangou yo pa grangou ankò. Fanm ki pat ka fè pitit la fè pitit sèt fwa. Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen. Senyè a touye, lèfini li bay lavi ankò. Li fè moun desann nan peyi kote mò yo ye a. Li mennen yo tounen ankò. Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò. Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo sòti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Senyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la. L'ap pwoteje lavi moun k'ap sèvi l ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouray yon nonm k'ap fè l genyen. Senyè a ap kraze tout lènmi l yo. L'ap rete nan syèl la, l'ap voye loray tonbe sou yo. Senyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè. L'a bay wa li a pouvwa, l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a. Apre sa, Elkana tounen lakay li lavil Rama, men yo kite ti gason an lavil Silo pou l te sèvi Senyè a sou zòd Eli, prèt la. Pitit gason Eli yo te yon bann jenn pèvèti. Yo pa te nan koze Bondye ak moun, ni yo pa te aji jan prèt ta dwe aji ak pèp la. Chak fwa yon moun t'ap touye bèt pou ofri bay Bondye, domestik prèt la vini ak yon gwo fouchèt twa dan. Antan vyann lan ap kwit, li plonje fouchèt la nan kaswòl la, nan chodyè a, nan mamit la osinon nan bonm lan. Tou sa fouchèt la te pran, se te pou prèt la. Se konsa yo te fè sa lavil Silo ak tout moun pèp Izrayèl la ki te vin fè ofrann yo la. Sa ki pi rèd ankò, anvan menm yo te wete grès pou boule yo, domestik prèt la vini, epi li di nonm ki t'ap ofri bèt yo te touye a konsa: — Ban m moso vyann pou prèt la fè woti. Li p'ap asepte ou ba li vyann bouyi. Li bezwen vyann fre. Men, si nonm lan ta reponn li: Tann yo boule grès la anvan, apre sa w'a pran sa ou vle, domestik prèt la ap di l: — Non! Ban mwen l kounyeya. Si ou pa ban mwen li, m'ap pran l ak fòs pa m. Peche pitit gason Eli yo te grav anpil anpil devan Senyè a, paske yo pat respekte ofrann yo te fè pou Senyè a. Ti Samyèl menm t'ap sèvi Senyè a. Li te gen yon ti jile tankou prèt yo konn mete a. Chak lanne manman l te fè yon ti rad pou li, epi li te pote l ba li lè li moute ak mari l pou touye bèt pou yo ofri chak lanne a. Se konsa, Eli te beni Elkana ansanm ak madanm li. Li di Elkana: — M'ap lapriyè Senyè a pou l ba ou lòt pitit avèk madanm sa a pou ranplase pitit ou mete apa pou Senyè a. Apre sa yo tounen lakay yo. Senyè a beni Ana ankò. Ana fè senk lòt pitit, de fi twa gason. Ti Samyèl menm t'ap grandi nan kay Senyè a.
1 Samyèl 2:1-21