1 Samuel 2:1-10

Lè sa a, Ana lapriyè, li di: — Senyè a fè kè m kontan anpil! Senyè a remoute kouray mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m kontan paske Bondye delivre mwen. Pa gen Bondye tankou Senyè a. Non, pa gen tankou l. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an. Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès sòti nan bouch nou. Paske Senyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fè. L'ap kraze zam ki nan men vanyan sòlda yo. Men l'ap bay moun ki fèb yo fòs kouray. Sa ki te konn manje vant deboutonnen yo al vann jounen pou yo ka jwenn manje pou yo manje. Sa ki t'ap mouri grangou yo pa grangou ankò. Fanm ki pat ka fè pitit la fè pitit sèt fwa. Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen. Senyè a touye, lèfini li bay lavi ankò. Li fè moun desann nan peyi kote mò yo ye a. Li mennen yo tounen ankò. Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò. Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo sòti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Senyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la. L'ap pwoteje lavi moun k'ap sèvi l ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouray yon nonm k'ap fè l genyen. Senyè a ap kraze tout lènmi l yo. L'ap rete nan syèl la, l'ap voye loray tonbe sou yo. Senyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè. L'a bay wa li a pouvwa, l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a.
1 Samyèl 2:1-10