1 Peter 3:8-22

Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy. Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l ban nou lè li te rele nou an. Paske: Si yon moun vle jwi lavi a, si l anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou l kenbe lang li pou l pa pale moun mal. Se pou l veye bouch li pou l pa bay manti. Se pou l sispann fè sa ki mal, se pou l fè sa ki byen. Se pou l chache viv byen ak moun. Se pou l fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun. Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal. Ki moun ki ka fè nou mal si se byen ase nou vle fè? Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen. Sèl bagay, se pou nou toujou rekonèt se Kris la ki sèl Mèt nan lavi nou. Se pou nou toujou pare pou n'reponn chak fwa moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan nou an. Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an. Se volonte Bondye pou nou fè sa ki byen. Menm si nou gen pou n soufri, li pa vle nou fè sa ki mal. Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou li te ka mennen yo bay Bondye. Li mouri, men ak pouvwa Lespri Bondye a, li resisite nan lanmò. Ak pouvwa menm Lespri a, li t'al preche nanm ki nan prizon yo, nanm moun tan lontan ki te derefize kwè nan Bondye lè li t'ap pran pasyans pou yo pandan Noye t'ap bati gwo batiman an. Nan batiman sa a, se wit moun ase ki te antre sove anba dlo inondasyon an. Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou kounyeya. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve sòti vivan nan lanmò, ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.
1 Pyè 3:8-22