Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

1 Pyè 1:13-21

1 Pyè 1:13-21 - Se poutèt sa, kenbe tèt nou byen anplas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt. Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pat konn Bondye. Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt.
Si lè n'ap lapriyè, nou rele Bondye: Pap, li menm ki pa nan achte figi moun, men k'ap jije tout moun dapre sa yo fè, se pou nou viv ak krentif pou Bondye pandan ti tan ki rete nou sou tè a. Sonje Bondye te retire nou nan direksyon lavi san sans zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa ak bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. Men, se avèk san Kris la menm ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni san ankenn enfimite. Bondye te chwazi l pou sa depi anvan li te kreye tout bagay. Men, se nan dènye tan sa yo li vin parèt pou byen nou. Gremesi Kris la, nou gen konfyans nan Bondye ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò, nan Bondye ki te ba l lwanj. Konsa, nou mete tout konfyans nou ak tout espwa nou nan Bondye.

Se poutèt sa, kenbe tèt nou byen anplas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt. Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pat konn Bondye. Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt. Si lè n'ap lapriyè, nou rele Bondye: Pap, li menm ki pa nan achte figi moun, men k'ap jije tout moun dapre sa yo fè, se pou nou viv ak krentif pou Bondye pandan ti tan ki rete nou sou tè a. Sonje Bondye te retire nou nan direksyon lavi san sans zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa ak bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. Men, se avèk san Kris la menm ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni san ankenn enfimite. Bondye te chwazi l pou sa depi anvan li te kreye tout bagay. Men, se nan dènye tan sa yo li vin parèt pou byen nou. Gremesi Kris la, nou gen konfyans nan Bondye ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò, nan Bondye ki te ba l lwanj. Konsa, nou mete tout konfyans nou ak tout espwa nou nan Bondye.

1 Pyè 1:13-21

1 Pyè 1:13-21
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo