1 John 4:1-3

Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an sòti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a. Men ki jan nou ka konnen si yon lespri sòti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki sòti nan Bondye a. Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki sòti nan Bondye a. Lespri li genyen an sòti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l te vini. Enben, kounyeya li deja nan lemonn.
1 Jan 4:1-3