Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

1 Jean 3:16-24

1 Jan 3:16-24 - Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo. Si yon moun gen dekwa viv, li wè yon frè nan nesesite epi li pa lonje men ba li, kouman yon moun konsa ka pretann li renmen Bondye. Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.

Se konsa n'a konnen nou se moun laverite. Se konsa n'a santi nou san kè sote devan Bondye. Si konsyans nou kondannen nou, kidire pou Bondye ki siperyè lontan pase konsyans nou? Li konnen tout bagay. Konsa, zanmi m yo, si konsyans nou pa kondannen nou, nou gen yon gwo lasirans devan Bondye. Tou sa n'a mande l, l'a ban nou l, paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l plezi. Men sa l mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lòt, jan Kris la te ban nou lòd la. Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y'ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li.

Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo. Si yon moun gen dekwa viv, li wè yon frè nan nesesite epi li pa lonje men ba li, kouman yon moun konsa ka pretann li renmen Bondye. Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè. Se konsa n'a konnen nou se moun laverite. Se konsa n'a santi nou san kè sote devan Bondye. Si konsyans nou kondannen nou, kidire pou Bondye ki siperyè lontan pase konsyans nou? Li konnen tout bagay. Konsa, zanmi m yo, si konsyans nou pa kondannen nou, nou gen yon gwo lasirans devan Bondye. Tou sa n'a mande l, l'a ban nou l, paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l plezi. Men sa l mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lòt, jan Kris la te ban nou lòd la. Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y'ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li.

1 Jan 3:16-24

1 Jean 3:16-24
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo