Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

1 CORINTIOS 3:9-17

1 Korent 3:9-17 - Apòlòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li.
Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati. Dapre favè Bondye te fè m lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati. Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pèsonn pa ka poze yon lòt. Gen moun k'ap sèvi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch gwo pri pou bati sou fondasyon an. Gen lòt k'ap sèvi ak bwa, ak zèb, ak pay. Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo. Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li. Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi fwi travay li. Men li menm, l'ap sove tankou moun yo rache sove nan dife.
Eske nou pa konnen se tanp Bondye nou ye, se Lespri Bondye ki rete nan nou? Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.

Apòlòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati. Dapre favè Bondye te fè m lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati. Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pèsonn pa ka poze yon lòt. Gen moun k'ap sèvi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch gwo pri pou bati sou fondasyon an. Gen lòt k'ap sèvi ak bwa, ak zèb, ak pay. Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo. Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li. Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi fwi travay li. Men li menm, l'ap sove tankou moun yo rache sove nan dife. Eske nou pa konnen se tanp Bondye nou ye, se Lespri Bondye ki rete nan nou? Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.

1 Korent 3:9-17

1 CORINTIOS 3:9-17
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo