1 Corinthians 13:4-11

Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun. Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè. Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre. Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li. Lamou pa gen limit. Pouvwa bay mesaj Bondye ap kaba. Pouvwa pale anlang gen pou bout. Konesans gen pou fini. Paske sa nou konnen an, se ti zing nou konnen li. Mesaj Bondye a se yon ti kal nou rive bay ladan li. Men lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou disparèt. Se tankou lè m'te timoun piti. M'te pale, m'te panse, m'te reflechi tankou timoun piti. Men lè m'vin gran, m'kite lespri timoun nan.
1 Korent 13:4-11