1-е посл. коринфянам 12:27-31

Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a. Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang. Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak. Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langay, osinon pou esplike sans pawòl langay la. Lanbisyon nou, se pou nou chache don ki pi enpòtan yo. Men mwen pral moutre nou yonn ladan yo. Pa gen pase li.
1 Korent 12:27-31