Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

1 Corinthians 1:17-25

1 Korent 1:17-25 - Epitou, Kris la pa te voye m' batize moun. Li voye m' anonse Levanjil. Epi se pou m'anonse li san m'pa bezwen nan bèl diskou ki chita sou bon konprann lèzòm, diskou ki ta desann valè lanmò Kris sou lakwa a.

Pou moun k'ap anfouraye tèt yo, pawòl lakwa a, se pawòl moun fou. Men pou nou menm ki sove deja yo, se pawòl pisans Bondye li ye. Se sa menm ki te ekri nan Liv la:
M'ap detwi bon konprann moun lespri yo.
M'ap voye konesans save yo jete.
Bon, lè sa a, moun ki gen bon konprann yo, moun ki fò yo, moun ki renmen diskite dapre prensip lèzòm yo, kisa yo gen pou di ankò? Eske Bondye pa fè wè se bon konprann lèzòm lan ki pawòl moun fou?
Se sa k fè, moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye kote Bondye ap fè wè bon konprann li. Se poutèt sa, Bondye deside delivre tout moun ki kwè nan pawòl moun fou n'ap anonse a. Yon bò, jwif yo ap mande mirak, yon lòt bò grèk yo ap chache bon konprann. Men nou menm, n'ap preche Kris krisifye sou lakwa a. Pou jwif yo, sa se yon eskandal ki choke yo. Pou sa ki pa jwif yo, se yon foli. Men pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif kit yo pa jwif, Kris se pisans ak bon konprann Bondye. Paske, sa ki sanble yon bagay moun fou Bondye ap fè a, li pi bon konprann pase bon konprann lèzòm. Sa ki sanble yon feblès Bondye ap moutre, li pi fò pase fòs lèzòm.

Epitou, Kris la pa te voye m' batize moun. Li voye m' anonse Levanjil. Epi se pou m'anonse li san m'pa bezwen nan bèl diskou ki chita sou bon konprann lèzòm, diskou ki ta desann valè lanmò Kris sou lakwa a. Pou moun k'ap anfouraye tèt yo, pawòl lakwa a, se pawòl moun fou. Men pou nou menm ki sove deja yo, se pawòl pisans Bondye li ye. Se sa menm ki te ekri nan Liv la: M'ap detwi bon konprann moun lespri yo. M'ap voye konesans save yo jete. Bon, lè sa a, moun ki gen bon konprann yo, moun ki fò yo, moun ki renmen diskite dapre prensip lèzòm yo, kisa yo gen pou di ankò? Eske Bondye pa fè wè se bon konprann lèzòm lan ki pawòl moun fou? Se sa k fè, moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye kote Bondye ap fè wè bon konprann li. Se poutèt sa, Bondye deside delivre tout moun ki kwè nan pawòl moun fou n'ap anonse a. Yon bò, jwif yo ap mande mirak, yon lòt bò grèk yo ap chache bon konprann. Men nou menm, n'ap preche Kris krisifye sou lakwa a. Pou jwif yo, sa se yon eskandal ki choke yo. Pou sa ki pa jwif yo, se yon foli. Men pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif kit yo pa jwif, Kris se pisans ak bon konprann Bondye. Paske, sa ki sanble yon bagay moun fou Bondye ap fè a, li pi bon konprann pase bon konprann lèzòm. Sa ki sanble yon feblès Bondye ap moutre, li pi fò pase fòs lèzòm.

1 Korent 1:17-25

1 Corinthians 1:17-25
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo